Wonfle nan Dòmi ka Mennen Lòt Maladi. Doktè Gen Metòd Pou Trete li.

Nan prèske chak kay an Ayiti, gen yon moun ki wonfle nan dòmi. Pafwa abitid sa mennen fawouch, men wonfleman ka gen gwo konsekans sou sante moun. Gen plizyè metòd doktè itilize pou ede rezoud pwoblèm sa. 

Yon mesye ki deranje mandan m li pandan l ap wonfle nan dòmi. Koutwazi foto: Rawpixel


Wonfleman se yon bri yon moun fè pandan l ap respire nan dòmi. Bri sa fèt akoz obstak ki anpeche lè a antre ak soti nòmalman. Larim, gwo amigdal, malfòmasyon nan nen se kèk pami obstak sa yo.

Rechèch syantifik montre sou chak 10 granmoun, plis pase 4 ladan yo wonfle tanzantan. Men se lakay gason pwoblèm sa plis manifeste.  

Emmanuel Florvil gen 29 lane, li abite nan vil Gonayiv. Pami 10 moun ki nan fanmi an, se li menm ak papa l ki wonfle. Li rakonte : « Manmi m se premye moun ki te di m sa. Lè mwen aprann sa mwen pat kwè. Mwen pat santi m alèz paske mwen pat janm swete wonfle nan dòmi« . 

Plizyè nivo Wonfleman

Pwoblèm wonfleman se domèn pa doktè Stanley Joel Brice. Li se yon « oto-rhino-laryngologiste (ORL)« , sa vle di espesyalis ki jere maladi zòrèy, nen ak gòj. Li eksplike gen twa nivo nan wonfle a.  

  1. Wonfleman an senp, lè son an fèb tankou nan yon konvesasyon nòmal (ant 40 ak 45 desibèl). Lè sa se sèlman moun ki nan menm chanm ak wonflè k ap tande. 

  2. Wonfleman an modere lè son an menm nivo ak yon gwo kout ri (60 desibèl). Nan ka sa, bri a ap rive jwenn moun kap domi nan lòt chanm tou pre wonflè a.

  3. Wonfleman an grav lè son an rive nan nivo yon dèlko oubyen yon kamyon k ap mache (prèske 100 desibèl). Lè sa menm moun ki nan lakou a ka tande.

Deranjman pou Lòt Moun 

Pou yon moun dòmi san pwoblèm, Òganizasyon Mondyal Sante (OMS) konseye pou li kouche nan yon espas kote son pi ba pase 30 desibèl. Kidonk, si nan kay la gen yon moun ki wonfle senp (40 desibèl), li kapab deranje somèy rès fanmi an. 

Florvil, ansyen etidyan sikoloji, rekonèt lè li wonfle moun nan lòt chanm tou prè yo tande. ‘’Yo konn di m kite yo dòmi avan m kouche pou m pa anpeche yo dòmi’’, li rakonte. 

Li atik sa tou : Dèlko, Yon Aparèy Ki Touye Moun an Silans an Ayiti

Ak 52 lane sou tèt li, Robert Jacques ak tout madanm li wonfle, men yo aprann tolere youn lòt. Li itilize yon estrateji espesyal pou jere sa.  « Lè madanm mwen ap wonfle, mwen toujou fè ti souke l pou l chanje pozisyon. Paske mwen te toujou panse se pozisyon ou dòmi ki koz wonfleman« . 

Lè yon moun dòmi sou do li gen plis tandans wonfle, dokte Brice dakò ak lide sa. Li ajoute kèk lòt pwodui ki ka lakoz osinon agrave wonfleman tankou alkòl, sigarèt, tabak, medikaman kont estrès, elt. Gen rechèch tou ki montre moun ki depase 40tan gen plis risk pou wonfle tou. 

Konsekans sou Sante Wonflè a

Doktè Brice kwè li pa nòmal pou bri soti nan bouch yon moun pandan l ap dòmi. Gen lòt syantifik ki fè remake depi wonfleman kòmanse nan menm nivo ak bri yon lapli k ap farinen (50 desibèl), se yon siy maladi li ye.

Doktè Brice site yon maladi ki rele wonkopati kwonik [ronchopathie chronique, an fransè] ki kapab manifeste sou fòm wonfleman osnon ‘’apnée du sommeil’’. Yon moun gen  »apnée »  se lè souf li kanpe pandan anviwon 10 segond lè l ap dòmi. Men si poz sa repete pandan 10 fwa (10 apnées) nan 1nèdtan, lè sa yo rele l ‘’syndrome d’apnée du sommeil.’’

Kòm konsekans, daprè eksplikasyon doktè Brice, ‘’syndrome d’apnée du sommeil’’ la kapab bay tansyon wo, kè bat fò, tèt fè mal, twoub memwa, difikilte pou konsantre, mank apeti seksyèl. Konsa tou li kapab ogmante risk kriz kadyak, depresyon, dyabèt, fatig, elt.

Trètman kont Wonfleman 

Florvil di li pa janm ale lopital ni eseye fè tretman. Men li eksplike « genyen moun ki konn di depi ou wonfle, moun ki dòmi menm kote avè w ka koupe sa si li lage dlo nan zòrèy ou padan wap dòmi.« 

Lasyans pa pwouve si tretman sa mache. Gen medikaman moun ki wonfle kapab achte tou nan famasi. Men, Roland Levy, yon medsen fransè, mete gwo dout sou efikasite yo.

Li atik sa tou : Doktè pa Gen Dwa Revele Enfòmasyon sou Sante yon Malad. Men Poukisa.

Espesyalis ki gen konpetans ak zouti pou li detekte epi trete pwoblèm wonfleman se « oto-rhino-laryngologiste (ORL)« , menm jan ak doktè Brice. Gen lòt espesyalis tankou chirijyen, sikològ, pedyat, dantis, entènis ki kapab fè entèvansyon tou sou ka a.

Doktè Brice eksplike  yo kapab fè yon operasyon nan gòj moun nan pou elaji tib k ap pemet lè a antre pi fasil. Si ka a grav anpil, se yon ti twou y ap louvri nan  »trachée » malad la pou pemèt lè a pase pa anba pito. Men operasyon sa yo konn lakoz gwo doulè e yo pa toujou bay bon rezilta. 

Gen kèk materyèl moun ki wonfle kapab itilize tou pou soulaje pwoblèm sa tankou « écarteur de narines ». Doktè Brice pale tou de « orthèse », yon ti aparèy pou mete nan bouch moun nan lè l ap dòmi pou koupe wonfleman.

Ecarteur de nez, yon materyèl ki itilize pou rezoud pwoblèm wonfle nan dòmi.


Desizyon pou sispann wonfle nan dòmi kapab mande pou fè chanjman nan abitid yo. Doktè Brice konseye pou pèdi pwa, sispann fimen, sispann bwè alkol, kanpe sou medikaman pou dòmi, chanje pozisyon sou kabann nan.

Rechèch ak redaksyon: Emmanuel Pucot Paul

#Wonfle #Doktè #Maladie #Medikaman #Sante #Medecins

Partenaires

Inscrivez vous à notre newsletter

  • 2
  • 3
  • 5
  • 8
  • 9

Enfo Sitwayen 2020