Tout sa ou Dwe Konnen sou Tès Kowonaviris la

Depi semèn pase, imaj ap sikile sou entènèt la pou montre plizyè pwofesyonèl lasante anndan ayewopò Potoprens. Travay yo ap fè se kontwole, gras ak yon aparèy, tanperati kò moun ki ap soti/rantre nan peyi a. Se yon fason pou verifye pasajè yo gen sentôm Kowonaviris la, men se pa egzateman tès Kowonaviris la yo fè.


Tès Kowonaviris la Fèt nan Laboratwa

An prensip, se nan laboratwa yo fè yon analiz, pou yon moun yo sispèk ki malad. Pou fè tès Kowonaviris la, yo itilize yon materyèl tankou yon aplikatè pou yo pran ti matyè nan nen osnon nan gòj moun ki malad la. Yo rele sa ‘’prélèvement’’ e si li yo pra l analize nan laboratwa. 

Li pa pridan pou yon moun ale lopital osnon nan laboratwa pou fè tès la. Nan kèk peyi, lè yon moun gen sentôm Kowonaviris yo, li rele nan yon nimewo telefòn pou ijans. Epi, pwofesyonèl lasante yo deplase, avèk tout ekipman yo – tankou mas – pou vin fè ‘’prelevement’’ an lakay li. Sa evite pou moun sa ta kontamine lòt moun nan sikile nan lari osnon nan lopital la, si li ta fè Kowonaviris tout bon vre. 

Gwo Peyi yo manke Kapasite Fè Tès Kowonaviris la 

Men paske Kowonaviris (Covid-19) se yon maladi nouvo, se pa tout laboratwa ki gen kapasite pou fè tès la. Menm nan gwo peyi tankou Lafrans ak Etazini gen pwoblèm resous nan sans sa. 

Lafrans reyisi fè 1.000 tès Kowonaviris chak jou alòske gen anviwon 67 milyon moun ki ap viv nan peyi sa. Menm peyi Etazini pa gen gwo kapasite pou fè tès Kowonaviris la non plis. Depi lè epidemi a kòmanse pou rive nan dat 17 mas la, se sèlman se 58.536  moun yo rive teste (pami yo genyen 5.993 ka pozitif). Epi genyen  89 laboratwa piblik ki gen kapasite pou fè tès la nan tout 50 eta yo. 

Moun Ki Plis Riske yo Se yo ki Teste

Kidonk, se pa tout moun ki gen sentôm Kowonaviris yo ki gen aksè pou fè tès la. Non plis, se pa tout ka Kowonaviris yo resanse ki konfime ak yon tès. 

Estrateji sèvis sante yo itilize se fè tès la pou kèk kategori moun ki plis riske osnon ki gen sentôm ki pi grav. Kategori sa genyen moun ki komanse nan 50 – 60 tan, moun ki deja malad (sik, kansè, tansyon), ak fanm ansent.  Pwofesyonèl sante ki ap trete malad ki fè Kowonaviris yo gen posiblite pou fè tès la tou paske yo riske kontamine. 


Li atik sa tou: 21 Kesyon/Repons pou Byen Konprann Koronaviris la

Pou rès moun yo ki pa teste yo, doktè yo baze sou sentôm yo prezante yo pou konfime si yo fè Kowonaviris la vre. Aprèsa, si doktè yo pa two sèten ak dyagnostik la, yo kapab rekòmande pou fè tès la pou yon malad. 

Tès Kowonaviris la Koute Tan ak Lajan

Rezilta tès Kowonaviris la pa toujou disponib sou plas kote li fèt la. Kantite tan sa pran pou jwenn rezilta a varye nan plizyè peyi: anviwon 4 trèdtan Lachin, 24trè an Frans, e menm plizyè jou nan peyi Etazini .

Epitou, tès Kowonaviris la pa gratis tout kote. Li koute 54 ewo (5.140 goud ) nan peyi Lafrans, menmsi asirans peye 70%nan pri a pou malad yo. Gen laboratwa Etazini kote tès la koute ant 50 ak 100 dola ameriken( 4.750  – 9.500 goud).

Poko Gen Remèd Egzat kont Kowonaviris

Men, ni moun sibi tès la, ni sila yo ki pa teste yo, yo ba yo menm trètman, si yo fè Kowonaviris. An reyalite, pa gen yon remèd egzat kont Kowonaviris la. Doktè yo bay kèk medikaman pou desann lafyèv malad yo, ede kè yo byen fonksyone, epi kontwole enfeksyon an. Gen malad yo mete nan oksijèn osnon respirasyon atifisyèl pou yo kapab respire pi byen.

Aktyèlman la, syantifik nan plizyè ap travay san pran souf pou devlope yon vaksen ki kapab geri Kowonaviris la. Rechèch yo sanble kòmanse pote lespwa. Ayè Lendi a, yo teste yon premye vaksen sou yon fanm nan peyi Etazini.  

#coronavirus #epidemie #Haiti #Sante

Partenaires

Inscrivez vous à notre newsletter

  • 2
  • 3
  • 5
  • 8
  • 9

Enfo Sitwayen 2020