
Konbyen lajan yon depite ayisyen koute kontribyab yo ?
Soti nan kay pou li rete, pase nan gaz pou mete nan machin li, rive jis nan minit pou mete sou telfòn li, yon depite ayisyen koute kontribyab yo anpil lajan. Daprè yon atik ki pibliye nan jounal Le Nouvelliste, nou jwenn tout detay sou kantite lajan ki soti nan kès Lata pou okipe kategori palmantè sa yo.
700 mil goud frè pou enstale nan pòs la
61 521 goud pou salè chak mwa
29 400 goud frè fiks chak mwa
5 mil goud frè anplis chak mwa si li prezidan komisyon
400 dola ameriken pou pèdiyèm chak jou lè li vwayaje nan peyi etranje
1 milyon goud chak ane pou anfème yon 2èm kay
29 mil dola ameriken pou achte machin
15 mil goud chak mwa pou mete gaz nan machin nan
50 mil goud chak ane pou repare machin nan
75 mil goud chak ane pou chanje batri ak kawoutyou nan machin nan
10 mil goud chak mwa pou mete minit sou telefòn li
100 mil goud chak ane pou lwe biwo nan komin li
200 mil goud pou peye anplwaye nan biwo a
70 mil goud chak mwa pou fèt chanpèt
25 mil goud chak mwa pou yo peye chak chofè (1) ak chak ajan sekirite (2)
48 700 goud pou peye chak chak konsiltan (4)
21 mil goud chak mwa pou peye chak konseye (2)
500 mil goud chak ane pou rantre lekòl
500 mil goud chak ane pou fèt pak
500 mil goud pou fèt nwèl 2018 la
Fòk nou tou fè rapèl sa : pou ane lejislativ 2016-2020 la, genyen 119 depite nan palman an.