Ki Kondisyon pou yon Patwon Prete Anplwaye Lajan ? 

Gen anplwaye ki souvan gen gwo pwoblèm razè malgre y ap touche chak mwa oubyen kenzèn. Anpil depans oubyen sitiyasyon ijans pou jere fè yo oblije mande prete lajan. Youn nan kote yon anplwaye ka fè prè se nan antrepriz y ap travay la, men avèk kèk kondisyon. 

Lajan pou peye lopital

Bernard Pierre-Louis se kontab nan yon òganizasyon dwa moun nan Pòtoprens la. Nan lane 2018, li te nan yon sitiyasyon ijans ki te oblije li mande biwo a prete lajan. 

« Madanm mw tap akouche. Mwen pa t gen lajan pou m peye lopital. Mw te eksplike administratè biwo a sa. Yo te dakò pou prete m lajan pou m rezoud pwoblèm nan,’’ se sa Pierre-Louis rakonte.  

Dapre sa Pierre-Louis di nou, biwo a te mande l ekri yon lèt pou fè yon demand lan yon fason ki pi fòmèl. Nan lèt sa, li te dwe eksplike rezon ki fè l ap prete kob la, kantite kòb l ap bezwen epi nan ki delè l ap fin peye dèt. Se konsa Bernard te rive jwenn 40 mil goud. 

‘’Yo pat siyen okenn kontra ak mwen. Enstitisyon an pat enpoze m ni kantite kòb ni frekans pou m ranbouse l. Se mwen menm ki te chwazi dat map remèt kòb la. Mwen te bay 2 mil 500 goud chak mwa jiskaske m fin peye,’’ se sa Pierre-Louis eksplike.  

Lajan prete san enterè

Ka Pierre-Louis se yon ka espesyal, men li rive anpil fwa. Yon anplwaye kapab mande patwon li prete lajan pou divès kalte rezon. Menm si, bò kote pa l, patwon an pa gen okenn obligasyon pou li aksepte fè li prè a.  

Nan ka patwon an ta dakò prete yon anplwaye lajan, li dwe respekte kèk prensip. Tankou atik 143 Kòd Travay la presize sa, yon patwon pa gen dwa prete anplwaye a lajan ak enterè, sa yo rele  kout ponya a. Lalwa konsidere se tankou anrepriz la te peye anplwaye  anvan dat la rive. Se a yo rele ‘’avance sur salaire’’. 

Kondisyon pou peye dèt la

Li enpòtan pou patwon an ak anplwaye siyen yon kontra sou kondisyon prè a. Kontra a dwe presize fason anplwaye ap remèt lajan, delè l ap gen pou l fè sa, elatriye. Men se sitou nan lajan anplwaye a ap touche l ap peye antrepriz la dèt la.

Men sa Kòd Travay la nan menm atik 143 di nan sans sa : ‘’Patwon an dwe touche dèt la bout pa bout nan salè anplwaye a san li pa depase yon sizyèm (⅙) nan montan total la.’’

Yon egzanp, si anplwaye a ap touche 6 mil goud chak mwa, patwon pa ka kenbe plis pase mil goud chak mwa jiskaske dèt la fin peye. 

Sa ka rive anplwaye a ap kite travay la swa akoz demisyon osinon revokasyon epi tou li pa gen lòt mwayen pou peye lajan li dwe a. Nan ka sa, lalwa bay patwon an dwa pou li touche tout dèt la  yon sèl kou nan salè anplwaye a. 

Rechèch ak redaksyon : Emmanuel Pucot Paul 

#droit #Haiti #Emploi #Prêt #Justice #Patron #Économie

Partenaires

Inscrivez vous à notre newsletter

  • 2
  • 3
  • 5
  • 8
  • 9

Enfo Sitwayen 2020