Kòman yo Fèt? Kòman yo Detwi? Tout Sa Nou Dwe Konnen Sou Viris

Menmsi nou paka wè yo ak je nou, viris lakòz anpil dega nan lavi moun. Maladi Kowonaviris, yon viris ki rele SARS-CoV-2 lakoz, se yon bon egzanp. Direktè jeneral Centre national de Transfusion Sanguine la, Noël Ernst, se yon espesyalis nan domèn viris. Li reponn kèk kesyon sou sijè sa. 

Kisa ki yon viris?

Yon viris se youn nan mikwonòganis ki pi piti yo. Li gen yon eleman santral ki pèmèt li repwodwi ki rele jenom. Jenom sa ka yon molekil ADN oubyen yon molekil ARN. Ansuit pou pwoteje molekil sa, li gen yon ekip pwoteyin epi deyò li gen yon kouch pwoteyin ki rele kapsid. Tout viris posede 2 eleman sa yo. Gen de tip viris: viris anvlope ak viris toutouni.

Kijan viris yo pran nesans?

Di kijan yon viris pran nesans, se reponn kesyon ze ak poul la. Men li posib pou yo modifye viris nan laboratwa, yo ka pran gwoup ADN oubyen yon gwoup ARN nan yon viris pou yo fè yon lot viris. Yo fè l sitou lè y ap pwodwi vaksen.

Kijan yon viris ka manifeste

Se lè li kapab antre anndan yon selil pou li repwodwi tèt li. Viris la paka repwodwi tèt li le l deyò, fòk li itilize konpozan selil la paske gen yon bann anzim li pa reyisi repwodwi poukont li. Men nenpòt ki viris pa antre nan nenpòt ki selil. Pou yon viris antre anndan yon selil, fòk sou viris gen yon eleman ki ka mete l an kontak ak yon lòt eleman ki sou kò selil la. Se yon rapò yon kle ak seri. Selil la gen seri a e viris la gen kle a. 

Ki diferans ki genyen ant viris, bakteri epi mikwòb?

Ke l viris ke l bakteri, toulède se mikwòb. Sofke, bakteri a pi gwo ke yon viris epi li pi òganize. Li tankou yon selil plizoumwen nòmal e li pa bezwen antre anndan yon selil pou li miltipliye.

Ki faktè ki favorize yon moun trape yon viris?

Fòk moun nan gen yon pòt antre. Fòk ou an kontak ak yon moun oubyen ak yon objè ki kontamine. Lè viris la fin antre, fòk li jwenn bon selil la pou l miltiplye. Chak viris bay sentôm pa l selon kote viris la pase  pou l antre nan òganis lan. Men fòk nou presize chak viris gen pòt antre pa l.

Eske lè sistèm defans kò yon moun fèb pi fasil pou l trape yon viris?

Sistèm defans yon moun ki fèb ka lakoz li trape nenpòt viris men nenpòt lòt maladi oubyen enfeksyon tou. Lè w malad deja, gen yon seri transfòmasyon ki gentan fè nan òganis ou ki pèmèt viris la miltiplye pi byen.

Kisa ki aji sou viris kòm trètman?

Chak jèm yo gen medikaman ki aji sou yo. Si yon moun trape yon bakteri, yap preskri l antibyotik; si se yon parazit, yap ba l yon anti-parazitè; men si se yon viris, se trètman antiviral. Antibyotik ka fè 2 efè nan yon òganis: efè bakterisid, lè sa li tiye bakteri a oubyen efè bakteryostatik, lè sa olye li tiye bakteri a, li anpeche l miltipliye jis li vyeyi pou l mouri. 

Se menm jan pou viris, tout medikaman yo bay se virostatik, yo anpeche viris la miltipliye men yo pa touye l. Jiska jounen jodia, pa gen virisid paske kontrèman ak bakteri a ki ka miltiplye deyò yon selil, viris la bezwen yon selil. Ou pa kapab touye viris ki anndan selil la paske w pa kapab touye selil la. Trètman kont viris yo pa touye viris la, yo anpeche l miltiplye.

Kisa ki rann yon viris pwopaje plis pase yon lòt?

Pa gen viris pi kontajye ke lòt men mòd pwopagasyon viris la ka rann li pi danjere ke yon lòt. Yon viris ki pase nan pati kote moun respire – moun ka trape l nan pale ak si moun entènye. Li pi kontajye ke youn ki pwopaje nan yon kontak ki pi sere tankou VIH la ki transmèt nan sekresyon. Lòt mwayen an se ki kantite viris ou bezwen genyen pou w rann lòt moun malad. Si ou pran de viris ki pase pa menm kote tankou kowonaviris ak viris grip la. Goutlèt yo kontamine plis moun nan kad kowona a ke pou viris grip la.

Kisa ki Iminite antiviral (immunité antivirale) la?

Anndan kò moun gen yon sevis imigrasyon ki ka rekonèt kò etranje ak sak pou kò a. Lè yo idantifye yon sibstans etranje, yo pran l yo mennen bay youn nan chèf kò a. De chèf yo se Lenfosit T8 ak Lenfosit T4. Kounya, depandaman de chèf yo mennen l bay la , lap voye yon ekip sòlda swa pou al detwi sibstans sa oubyen netralize l. 

Òganis nou ka pwodwi antikò pou lite kont sibstans sa. Lè òganis fè sa yon fwa, li rankontre kò etranje sa yon fwa, li achive l gras ak selil memwa (swa sa ki t al touye jèm nan oubyen sa ki te pwodwi antikò yo). Kounya  si yon lòt fwa menm jèm sa antre, repons sa òganis lan te bay nan yon semèn, nan dezyèm kontak sa li ka fè ant 24trè a 48tè men tou li fè l vit epi entans. Sa vle di, si nan premye repons lan, li te rele 8 solda pou al jere sa, fwa sa li ka rele 64 solda. Repons iminitè sa se li ki iminite antiviral la. Se memwa òganis ou genyen poul reponn pi rapid nan kad yon atak yon jèm ki te antre nan kò w deja.

Eske se vre mikwòb pa touye ayisyen

Ayiti se youn nan peyi ki genyen anpil moun ki mouri akoz tibèkiloz. Se yon bakteri ki rele Mycobacterium tuberculosis ki bay li. Anplis, VIH se yon viris k ap touye ayisyen toutan;  menm jan ak malarya. Pa twò lontan, nou te gen Kolera ki soti nan yon viris ki rele Vibrio Cholerae ki touye anpil moun pou nou. Tout maladi sa yo se mikwòb ki bay yo. Donk nou paka di mikwòb pa touye ayisyen.

Redaksyon: Martyna Dessources

#Mikwob #Bacterie #Viris #virus #Koronaviris #Sante #Bakteri #Maladi

Partenaires

Inscrivez vous à notre newsletter

  • 2
  • 3
  • 5
  • 8
  • 9

Enfo Sitwayen 2020