Doktè pa Gen Dwa Revele Enfòmasyon sou Sante yon Malad. Men Poukisa.

Si ou konsilte yon doktè, fè tès nan laboratwa, osnon achte medikaman nan famasi, enfòmasyon sa yo pa dwe pran lari. Lalwa fè obligasyon pou pwofesyonèl lasante yo kenbe an prive tout enfòmasyon sa yo. Men prensip sekrè medikal la gen kèk limit tou. 

Prensip Sekrè Medikal la

Nan yon videyo sou Facebook, atis Roody Roodboy repwoche responsab Ministè Sante Piblik yo(MSPP) paske yo pa kenbe rezilta tès Kowonaviris li a an sekrè. ‘’Poukisa se sou entènèt mwen ap aprann mwen genyen kowona?’

Pwoblèm sa konsène sekrè medikal. Pa gen yon lwa espesyal sou kesyon sa an Ayiti. Men atik 323 nan Kòd penal entèdi pou yon pwofesyonèl lasante ta revele enfòmasyon li genyen sou sante yon sitwayen.

Daprè sa prezidan Association Médicale Haïtienne (AMH) yo, doktè Jean Hugues Henrys eksplike, sekrè medikal la ale pi lwen toujou. ‘’Lè yon doktè fè konsiltasyon osnon tretman pou yon moun, li pa gen dwa rele ni madanm, ni mari, ni pitit malad la pou di yo sa ki pase a. E menm apre lanmò malad la, doktè a oblije toujou kenbe an sekrè tout sa li te aprann sou lavi moun sa.’’ 

Lire également : 21 Kesyon/Repons pou Byen Konprann Koronaviris la

Kategori pwofesyonèl Sekrè Medikal la konsène

Sekrè medikal la pa konsène doktè sèlman. Enfimyè, famasyen, fanm chay, pwofesyonèl laboratwa, tout pwofesyonèl sante ki gen enfòmasyon sou sante moun gen obligasyon pou respekte prensip sa tou.  

Sa vle di, si yon moun achte yon medikaman nan famasi, fè yon egzamen nan laboratwa, enfòmasyon sa pa dwe ap drive sou plas piblik. 

« Pwofesyonèl sa yo pa dwe bay okenn enfòmasyon sou yon malad san yon otorizasyon espesyal osinon si se pa nan kondisyon lalwa deja etabli pou fè sa« . Se sa Darlène Blaise, espesyalis nan dwa medikal ak biyoetik, fè konnen.  

Leta kapab Gen Aksè ak Enfòmasyon sou Sante Yon sitwayen 

Mèt Blaise ak doktè Henrys site plizyè sikonstans kote Leta dwe genyen enfòmasyon sou sante sitwayen nan peyi a. Se yon mwayen pou otorite yo pran bon dispozisyon pou jere e pwoteje popilasyon an. 

  1. Nesans – Lè yon timoun fèt, paran yo dwe fè deklarasyon an nan biwo eta sivil pou yo kapab jwenn akdesenans la. Konsa tout enfòmasyon sou timoun sa ap tou anrejistre nan rejis eta sivil la. 

  2. Lanmò – Lè yon moun mouri, fanmiy lan dwe deklare sa nan biwo eta sivil pou fè ak desè a. Konsa, enfòmasyon sou defen an, tankou maladi li te soufri, ap anrejistre nan rejis eta sivil la. 

  3. Kadejak – Lè yon timoun, sibi vyòl osnon maltretans, doktè k ap pran swen li an dwe avèti komisè gouvènman sa. Enfòmasyon sou sante viktim nan ap pèmèt lajistis pousuiv e pini bouwo ki fè zak la.

  4. Maryaj – Lè de moun pral marye, yo dwe fè yon « Certificat prenuptial » ki genyen tout enfòmasyon sou eta sante yo. Dokiman sa obligatwa pou fè ak maryaj la swa nan legliz osnon dirèkteman devan yon ofisye eta sivil.

  5. Epidemi – Lè genyen epidemi nan peyi a, otorite sante yo dwe gen enfomasyon sou tout moun ki enfekte yo. Nan sans sa, MSPP etabli an out 2019 yon lis maladi ak fenomèm ki sou siveyans. Pami yo nou jwenn, fanm ki mouri nan akouchman, kolera, lapès, laraj, elatriye.

Se vre nouvo kowonaviris la pa sou lis sa, men doktè Henrys panse otorite sante yo sipoze gen enfòmasyon sou tout moun ki ta genyen maladi sa. Jan mèt Blaise di sa, « enterè tout popilasyon an dwe pase anvan enterè prive yon senp sitwayen« .

Lire également : 3 aksyon pou ede yon moun ki viktim kadejak

Men jan doktè Henrys kwè sa « nan okenn ka, yon otorite pa kapab al deklare piblikman maladi yon moun soufri ». Malad la kapab chwazi pibliye enfòmasyon an poukont li, men okenn lòt moun pa dwe fè sa san pèmisyon l.

Enfòmasyon sou Sante yon Moun kapab itil pou Rechèch Syantifik

Yon moun osnon enstititisyon kapab gen aksè ak enfomasyon sou sante yon malad nan kad yon rechèch syantifik. Tankou la, si yon etidyan vle analize enpak yon medikaman sou yon malad. Nan ka sa, se Comité National de Bioéthique, yon branch nan MSPP, li  dwe kontakte. 

Dapre mèt Blaise, « Komite sa la pou l verifye si rechèch la ap respekte dwa tout moun ak règ etik yo. Si gen enfòmasyon yo dwe chèche nan dosye medikal moun ki frekante yon enstitisyon, se komite biyoetik la kap otorize sa », dapre espesyalis la. Malad la dwe bay dizon l tou apre yo fin eksplike l pwojè a. Men moun k ap fè rechech la pa dwe revele idantite malad yo. 

Yon lòt sikonstans kote yon sekrè medikal la  kapab leve se nan kad yon pwosè lajistis. Se nan ka kote yon avoka bezwen yon enfòmasyon nan dosye medikal yon moun pou jistifye yon sitiyasyon nan kad yon pwosè. Lè sa, se yon jij ki dwe bay otorizasyon pou pèsonèl medikal la bay  enfòmasyon sa.   

Sanksyon pou vyolasyon sekrè medikal 

Lè yo revele enfòmasyon sou sante yon moun dèyè do lalwa, sa ka gen gwo konsekans sou lavi li. Mèt Blaise site kèk egzanp: « Sa ka fè l pèdi kèk privilèj, fè l pa rantre yon seri kote, fè l pa ka jwenn travay, e menm pèdi relasyon l.’’

Mèt Blaise ankouraje sitwayen ki viktim move zak sa pou yo chache yon pwofesyonèl dwa pou ede yo. Yo kapab pote plent nan tribinal tou. 

Dapre atik 323 Kòd penal la, yon pwofesyonèl ki devwale enfòmasyon sou sante yon sitwayen ka pase 3 mwa pou rive yon lane nan prizon. Men sanble atik sa pa vrèman aplike nan peyi a. Sinon « anpil moun te ka anba kòd deja« , dapre doktè Henrys. 

Dayè menm si yon doktè fè yon erè osnon neglijans nan trete yon malad, viktim yo pa gen abitid pote plent, dapre obsèvasyon Darlène Blaise. « Jeneralman, yo pa manyen doktè ann Ayiti. Pèp ayisyen konsidere medsen tankou bondye. Yo pa tèlman asiyen yo nan tribinal osinon yo pa asiyen ditou« . 

Recherche et Redaction: Emmanuel Pucot Paul

#Haiti #Medecin #coronavirus #RoodyRoodboy #MSPP #Ayiti #epidemie #Contrat #Sante #Gouvernement #Secretmedical #Deces #OMS

Partenaires

Inscrivez vous à notre newsletter

  • 2
  • 3
  • 5
  • 8
  • 9

Enfo Sitwayen 2020