Develope Vaksen Se Yon Travay Konplike. Nou Eksplike Pwosesis La.

Mis à jour : août 23

Vaksinasyon se youn nan pi bon mwayen pou konbat epidemi. Nan moman an la, gen anviwon 135 vaksen kont nouvo Kowonaviris la (Covid-19) ki nan preparasyon nan laboratwa. Men pwosesis pou devlope yon vaksen konplike e pran anpil tan. 

Nenpòt moun pa ka deside fè vaksen. Doktè Ernst Noël, yon viwològ, eksplike se plizyè konpetans ki mete ansanm pou fè travay sa. « Ladan nou ka jwenn biyolojis, iminolojis, biyochimis. Men tou yo ka bezwen travay ak klinisyen, sa vle di moun ki trete malad », doktè a di. 

Pa gen laboratwa ki pwodui vaksen an Ayiti. Rezon, se paske espesyalis ki pratike medsin nan peyi a plis trete malad e yo mwens fè rechech syantifk. ‘’Alòske vaksen devlope kote ki gen ekip kap fè rechèch epi laboratwa kap travay sou sa. Sa mande yo mizanplas nou pa genyen an Ayiti« , espesyalis la ekplike. 

Etap pou devlope yon vaksen

Pwosesis pou fabrike yon vaksen gen plizyè etap. Toudabò, syantifk yo dwe etidye maladi vaksen an pral trete a. Sa mande pou yo idantifye mikwòb la – bakteri oswa viris – ki bay maladi epi idantifye kote li soti nan anviwònman, èske se nan bèt, onson nan pyebwa. Anplis, yo dwe chache konprann pwopriyete biyochimik ak jenetik mikwòb la. 

Pou fè vaksen an, yo dezaktive viris la pou l pa gen pouvwa pa bay enfeksyon. Epi enjekte yon ti moso nan viris sa nan kò moun – antijèn – pou sistèm defans lan reyaji. Lè sa kò a pwodui yon sibstans ki rele antikò. Sibstans sa pwoteje moun nan kont enfeksyon si l ta vin ekspoze viris la pi devan. Se antikò sa ki itilize pou kreye vaksen an.

Li atik sa tou: Kòman yo Fèt? Kòman yo Detwi? Tout Sa Nou Dwe Konnen Sou Viris

Gen vaksen ki anpeche moun atrape maladi; lè sa yo jwe yon wòl prevansyon. Men genyen tou ki gen kapasite pou geri yon moun pandan li malad. Lè sa yo pale de vaksen terapetik. « Depi ou fin fè maladi sa yon fwa, ou pap fè l ankò si ou pran vaksen kont li. Nenpòt lè jèm sa ta antre nan kò a, li pap ka fè w mal« . Se sa doktè Noël eksplike.

Tès sou vaksen an 

Men syantifik yo dwe teste vaksen an anvan yo mete l nan lari. Etap sa enpòtan paske li pèmèt yo verifye si vaksen an gen kapasite toutbon vre pou trete osnon bloke maladi. Men tou, vaksen an pa dwe bay twòp pwoblèm lè li antre nan kò moun nan. Daprè doktè Noël, se lè sa ou kapab di yon vaksen efikas. 

Pou teste yon vaksen, yo eseye l dabò sou yon ti gwoup moun (10-100), ansuit yon pi gwo gwoup (50-500) anfen sou plizyè milye moun. Jeneralman tès sa yo fèt sou moun ki volontè e ki konsyan nan kisa yap angaje tèt yo. 

« Lè y ap eseye yon vaksen sou yon moun, yo dwe asire yo pwoteje moun nan.  Yo dwe respekte entegrite ak konfidansyalite li nan jistis, ekite, egalite, nan bon ekilib benefis/risk ak rigè syantifik“ doktè Gurvitch C. Julien, yon pedyat, eksplike.

Prensip etik ak lalwa anpeche laboratwa yo bay moun sa yo lajan menm si genyen ki konn ofri yo lòt avantaj, daprè doktè Noël. Men tou laboratwa yo pa pran nenpòt kandida. Moun sa dwe reponn ak pwotokòl rechèch yap fè a. Men tou  yap fè egzamen pou verifye kondisyon fizik patisipan yo.

Pwoblèm etik nan teste vaksen

Laboratwa you souvan vize peyi pòv yo pou teste vaksen. Nan peyi sa yo, syantifik yo konn neglije aplike tout prensip yo, menm si sa genyen gwo domaj sou lavi moun. Gen egzanp yon vaksen pou trete maladi polyo ki te teste sou nan peyi Congo-Belge nan lane 1958. Aprè eksperyans sa, plizyè nan patisipan yo te tounen andikape.   

Men depi kèk tan, Leta divès peyi pran mezi pou pwoteje sitwayen yo. Yo kreye yon enstans ki rele komite biyoetik. Komite sa etabli prensip ki dwe respekte nan  teste medikman osinon vaksen sou moun. Ayiti genyen yo Comité National de Bioéthique ki sou kont Ministè Sante Piblik. Se li ki etidye risk ak avantaj yon tès osnon yon medikaman kapab genyen pou popilasyon an.

Li atik sa tou : Doktè pa Gen Dwa Revele Enfòmasyon sou Sante yon Malad. Men Poukisa

Nan ane 2011- 2012, Ministè Sante Piblik te aksepte yo teste yon vaksen kont kolera an Ayiti. Li rele Shanchol, se yon vaksen moun pran nan bouch. Se yon laboratwa nan peyi Vietnam ki pwodui li.  

Otorizasyon pou itilize vaksen an

Si tès la pwouve vaksen an efikas, se Leta ki dwe bay apwobasyon pou itilize vaksen an. Lè sa, laboratwa yo kapab pwodui vaksen an gwo kantite pou vann. Nan yon peyi Etazini, se yon enstitisyon ki rele Food and Drug Administration ki gen pouvwa pou bay otorizasyon. Pou Kanada, se Santé Canada. 

Se paske laboratwa yo dwe swiv tout etap sa yo yon fason ki strik ki lakoz devlopman yon vaksen pran anpil tan. An jeneral, pwosesis sa kapab dire plizyè lane. Tankou, sa te pran 28 lane pou kreye vaksen kont varisèl, yon maladi ki bay timoun anpil bouton ak demanjezon. Men ekspè yo estime yon vaksen kont kowonaviris kapab pare sou 12 pou rive 18 mwa. Si sa fèt, se premye fwa nan listwa mond lan yon vaksen ap devlope vit konsa. 

Risk ki Genyen nan Pran Vaksen

Menm si yon vaksen suiv tout etap yo, li posib pou li gen kèk efè negatif sou moun. Paske kò a toujou reyaji chak fwa li resevwa yon sibstans li pa abitye ak li. « Pandan lap reyaji a , youn nan efè li konn bay se lafyèv. Men se yon bagay ki nòmal« , doktè Noël di. Vaksen an ka lakoz ti doulè epi kite mak sou kò moun nan, si pwofesyonèl k ap bay piki a manke abilte. 

Sèl rezon pou yon vaksen lakoz gwo konplikasyon, doktè Noël di, se si moun ki pran vaksen an pat dwe resevwa l. « Gen moun ki pa sipoze pran yon seri vaksen akoz jan yo fèt. Tankou vaksen ki fèt ak jèm mikwòb la okonplè yo kapab antrene maladi lakay yon moun ki fèt ak defisyans osinon ki gen defans iminitè fèb« . Nan ka sa, gen egzanp moun ki tou fèt ak maladi sida.

Polemik nan kesyon vaksinasyon 

Depi lè premye vaksen an te kreye nan lane 1796, pwodui sa yo sove lavi anpil moun nan mond la. Syantifik yo rekonèt vaksinasyon se youn nan pi bon mwayen pou anpeche timoun trape kèk maladi pandan l ap grandi. Lè gen yon epidemi, sila yo ki pa vaksinen yo gen plis risk pou pran maladi a epi kontamine lòt moun. 

Chak peyi gen yon kalandriye vaksinal. Se yon dokiman ki etabli lis tout vaksen yon moun dwe pran depi lè li fèt jiska yon sèten laj. Doktè Julien detaye pwogram vaksinasyon Ayiti a: BCG (kont tibèkiloz),  Antipolyo, Pentavalan (konbinezon vaksen kont difteri, Tetanos, Koklich, Epatit B, Heamophilus Influenza tip B), Antiwotaviris (dyare), Nemo(kont nemoni), RR (lawoujòl ak ribeyòl).

Men nan kèk peyi, kesyon vaksinasyon toujou kreye polemik. Gen moun ki pa vle pran vaksen paske yo kwè sa kapab lakoz pwoblèm sou sante yo. Gen lide ki fè kwè se konplo Leta fè ak laboratwa yo pou kontwole lavi sitwayen yo pi byen nan vaksinasyon. 

Nan peyi Lafrans, gen 11 vaksen ki obligatwa pou tout timoun ki fèt apati ane 2018.  Etazini bay sitwayen l yo libète pou yo pa pran vaksen, si yo pa vle, akoz relijyon yo. Pou Ayiti,  pa gen lwa ki fòse moun al vaksinen. Doktè Noël di otorite sante yo chache konvenk paran yo pito sou enpòtans vaksinasyon pou pitit yo.

Redaksyon: Emmanuel Pucot Paul

#Kowonavirus #coronavirus #Vaksen #Vaccin #Vaksinasyon #Sante #Vaccination

Partenaires

Inscrivez vous à notre newsletter

  • 2
  • 3
  • 5
  • 8
  • 9

Enfo Sitwayen 2020