Alèji Respirasyon: Poukisa Gen Moun k ap Estène Souvan e Kisa yo Ka Fè Pou sa

Dernière mise à jour : 21 juin 2021

Nen k ap koule, je k ap pike, estènen san rete se kèk sentom alèji respirasyon. Sentom sa yo konn kache gwo pwoblèm sante tankou rinit alèjik osnon sinizit. Maladi sa yo pa souvan trete, men gen bon fason pou jere yo.

Daprè doktè Jovin, Li di sinizit se youn nan fòm konplikasyon rinit alèjik la. Foto: Richard Pierrin
Daprè doktè Jovin di sinizit se youn nan fòm konplikasyon rinit alèjik la. Foto: Richard Pierrin

Fendy Boisvert, 29 lane, te kesye labank pandan katran. Travay la te konplike pou li; se pa t akoz estrès ni ensekirite men pito paske li te gen pwoblèm respirasyon. “Jeneralman, lèm ap konte kòb, nan 2, 3 minit mwen ap pran sant lajan, dlo kòmanse ap sot nan nen m,” Boisvert rakonte.


Akoz pwoblèm sa te pèsiste, Mesye Boisvert te oblije mande pou l travay kòm ajan sant apèl bank lan pito. Li di se doktè ki te rekòmande l fè chanjman sa aprè li te dekouvri li fè maladi ki rele rinit alèjik.


Rinit alèjik lan se yon fòm alèji respirasyon kote pati anndan tou nen yo anfle; li fè dlo koule nan nen, li bay gòj grate epi li fè moun estènen anpil. Yo souvan konfonn li ak sinizit. Men doktè Marie Gardys Phoebee Jovin, yon espesyalis maladi nen, gòj ak zòrèy, pote yon presizyon sou sa. Li di sinizit lan se youn nan fòm konplikasyon rinit alèjik la. Men tou lè moun fè rinit alèjik, rim nan koule nan nen li nan epi grate anpil alòske pou sinizit la, likid la gen tandans desann nan gòj li.


Sous ak Sentom Alèji Respirasyon

Gen anpil sibstans nan anviwònman ki pwovoke alèji respirasyon. Doktè Jovin site pousyè, lafimen, twal, ti bèt tou piti ki nan matla, plim ak pipi bèt, medikaman. Lè pyebwa yo fleri nan prentan, sa konn lakoz anpil moun malad tou. Menm yon pwodwi ki twò santi bon ka anpeche yon moun respire byen.

Pousyè, lafimen, twal, ti bèt tou piti ki nan matla, plim ak pipi bèt, medikaman se kèk bagay ki lakoz elèji respirasyon. Foto: Richard Pierrin
Pousyè, lafimen, twal, ti bèt tou piti ki nan matla, plim ak pipi bèt, medikaman se kèk bagay ki lakoz elèji respirasyon. Foto: Richard Pierrin

Mesye Boisvert di li pa ka sèvi ak pafen ni savon ki gen sant fò. “Tankou savon spring lan, si ou fin benyen ak li, menm si ou seche kò ou, si ou pase tou prem, otomatikman dlo pral koule nan nen m, l ap fèm anrimen.”


Akoz li pa sipòte pousyè, Claudine Staco, yon kosmetològ, eksplike li pa fè travay nan kay li abite. “Moun lakay mwen konnen m alèji ak pousyè. Depi y ap fè netwayaj, bale, siye, mwen deplase.”


Alèji respirasyon touche moun tout laj, timoun kou granmoun. Doktè Jovin di li se yon maladi sante piblik. Li remake gen plis moun ki devlope maladi sa dènye ane sa yo, malgre pa gen chif egzat sou sa.


Madam Staco gen 26 lane. Li di li pa t soufri alèji respirasyon lè li te timoun paske li pa ekpoze twòp ak pousyè. Se lè li te kòmanse travay nan yon magazen Petyonvil sentom yo kòmanse devlope.


Konplikasyon ak Trètman Alèji repirasyon

Alèji respirasyon pa yon fatalite, men lè moun nan pa pran swen tèt li, gen chans pou ka a vin grav. Doktè Jovin di yon senp rinit alèjik konn vinn tounen sinizit kwonik ki kapab dire plizyè semèn. Lè sa sentom yo fè plis tan e kapab pote lòt konplikasyon tankou gwo doulè nan tèt e menm pwovoke yon eta konfizyon si li touche sèvo malad la.


Se espesyalis nen gòj ak zòrèy (ORL) oubyen yon espesyalis alèji ki pran ka moun ki fè alèji repirasyon. Doktè Jovin di alèji sa yo pa trete men “y ap bay moun nan medikaman k ap ede l jere kriz la.” Gen posiblite tou pou malad la fè operasyon, menm si opsyon sa pa twò efikas, daprè espesyalis la.


Gen moun ki soufri alèji respirasyon ki konte sou remèd natirèl pou diminye efè sentom yo. “Mwen te konn pran te jenjanm, te sitwonèl. Men tou yo konn fèm bouyi dlo, lage viks ladan epi fè chalè a monte anba nen m,’’ Madam Staco eksplike.


Yon chanjman anviwònman kapab ede moun ki soufri alèji respirasyon rale yon souf tou. Genghina Merveille, 31 lane, ki abite Gonayiv fè eksperyans sa. Li rakonte: “Sa ki etonem lè m vwayaje, rinit lan pa fèm menm jan. Lè m Etazini, mwen viv miyò. Depi m antre Ayiti, mwen pa alèz, m kòmanse anrimen. Se pou sa mwen toujou pwofite achte medikaman lè m ap vin Ayiti.”


Madam Merveille di li konn mete kachnen, men sa pa toujou konfòtab. “Lè konsa m pa ka mete yo pou anpil tan.” Mesye Boisvert fè menm ekepryans lan: “Nan moman [epidemi kowonaviris la] te fenk antre Ayiti, mwen te kòmanse mete kachnen men sa te konn ban m tèt fè mal ak difikilte pou m respire.” Mete sou sa, li di sitiyasyon sa te menm pouse l pran konje maladi.

Doktè Jovin rekòmande moun soufri rinit alèjik osnon ki asmatik itilize pito mask N95. Foto: Richard Pierrin
Doktè Jovin rekòmande moun soufri rinit alèjik osnon ki asmatik itilize pito mask N95. Foto: Richard Pierrin

“Si ou mete yon kachnen epi apre 2, 3 minit ou remake nen ou vle bouche, ou dwe konprann kachnen sa pa fèt pou ou,” doktè Jovin di. Nan sans sa, li rekòmande moun soufri rinit alèjik osnon ki asmatik itilize pito mask N95.


0 commentaire