21 Kesyon/Repons pou Byen Konprann Koronaviris la

Koronaviris simen yon gwo panik nan mond lan depi mwa janvye ane sa. Li blayi nan plis pase 144 peyi, fè plis pase 159.800 malad, e touye plis pase 6.420 moun. Gen anpil kesyon ki ap poze nan moman sa sou epidemi sa ye; nou pote kèk repons nou jwenn anba bouch espesyalis ki pale nan plizyè lòt medya.

1. Kisa ki Koronaviris la? Koronaviris la se yon seri viris ki lakòz grip ak pwoblèm pou respire. Nouvo Koronaviris ki ap pwopaje nan mond la rele Covid-19. Yo dekouvri l nan peyi Lachin nan mwa desanm 2019.

2. Ki sentòm ki parèt lakay moun ki genyen Koronaviris? Koronaviris se pa yon senp grip. Moun ki trape viris la soufri lafyèv, nen bouche, doulè nan lestomak, tous sèk, fatig, ak pwoblèm pou respire.

3. Sou konbyen tan sentòm sa yo parèt lakay yon moun ki trape Koronaviris la? Yon moun ki atrape Koronaviris la kòmanse devlope sentòm yo aprè 5 jou anviwon. Konsa tou, sentòm yo konn parèt lakay lòt moun jis aprè 14 jou pou pi plis.

Pandan peryòd tan sa, moun nan kapab transmèt viris la bay yon lòt moun menmsi li menm li pa ge okenn sentòm.

4. Kijan yon moun kapab atrape Koronaviris la? Maladi sa Koronaviris la kapab pwopaje fasil ant moun ak moun. Moun ki genyen viris kapab la transmèt li nan boulèt ki soti nan bouch oubyen nen yo lè yo touse ak estènnen devan moun. Nan kèk peyi, se pwofesyonèl lasante yo ki deplase ale lakay moun ki gen sentòm Koronaviris la pou pran echantiyon pou fè tès la. Konsa, malad la pap bezwen deplase al lopital pou l pa kontamine lòt moun. Se tès la ki pèmèt tou doktè konfime tou si malad la geri tout bon vre, aprè trètman yo.

5. Konbyen tan sa pran pou gen rezilta lè fè tès Koronaviris la? Nan peyi Chine, sa pran ant 4èdtan pou rive 7èdtan pou yon malad genyen rezilta tès la. Men pwosesis la kapab pran plizyè jou nan kèk peyi tankou Etazini.

6. Kisa ki fèt lè yo jwenn rezilta a pozitif pou yon moun ki fè tès Koronaviris la? Moun ki fè Koronaviris yo, yo mete yon an karantèn, nan lopital, osnon nan sant ki fèt pou sa, pandan yo sou tretman. Sa ap pèmèt yo pa an kontak avek lòt moun pou yo pa pwopaje maladi a.

7. Ki trètman yo bay malad ki genyen Koronaviris yo? Pa gen medikaman ki fèt espesyalman pou trete Koronaviris. An jeneral, doktè yo bay malad swen ki kapab kenbe yo vivan. Sa kapab enplike kèk medikaman pou desann lafyèv malad la, ede kè li byen fonksyone, epi kontwole enfeksyon an. Sa rive yo menm mete malad yo nan oksijèn, pou pemet yo respire pi byen.

Doktè yo toujou asire yo pou yo kontwole jan kè malad la ap bat, jan l ap respire, ak nivo tanperati kò l.

8. Eske gen vaksen pou Koronaviris? Pou jiskounye a, pa gen vaksen ki disponib sou latè pou trete moun ki fè Koronaviris. Syantifik nan plizyè peyi, tankou Kanada ak Almay, ap mennen anpil rechèch pou kapab reyisi pwodwi epi teste kèk vaksen ki ka geri maladi sa. An jeneral, sa konn pran anviwon yon lane pou devlope yon vaksen kont yon epedimi ki fenk parèt.

9. Konbyen tan sa pran pou yon moun ki fè Koronaviris geri? Gen moun ki geri sou de semèn. Men malad ki grav yo pran ant twa ak sis semèn pou yo refè.

10. Eske gen lòt konsekans sou sante moun pou lavni? Koronaviris la atake poumon malad yo epi li lakòz yo gen pwoblèm pou respire. Yon moun ki atrape viris sa sa kapab gen domaj nan poumon li epi devlope kèk maladi pi devan, tankou nemoni (pneumonie).

11. Ki kategori moun ki frajil pi devan maladi Koronaviris? Granmoun ki nan swasantèn, moun ki soufri maladi tankou sik ak kansè, se yo viktim plis anba Koronaviris la. Rezon an se paske sistèm kò yo pa gen ase fòs pou reziste ak maladi a.

Yon lòt fason moun kapab pran Koronaviris la se nan mete men, san lave, nan bouch, nen, osnon je.

12. Kòman yo fe tès pou verifye si yon moun genyen Koronaviris tout bon? Se sèlman yon tès nan laboratwa lopital ki kapab detekte si yon moun fè Koronaviris ou pa. Pou yo fè tès la, yo pran yon ti echantiyon ‘’cellule’’ nan gòj osnon nan tou nen moun nan pou yo analize nan laboratwa.

13. Eske jèn moun kapab atrape Koronaviris tou? Koronaviris antre sou moun ki nan tout laj. Menmsi jèn yo kapab plis reziste anba maladi a, li enpòtan pou yo pwoteje tèt yo, konsa y ap evite transmèt maladi a bay moun ki pi frajil nan antouraj yo tankou granparan yo ak ti bebe yo.

14. Eske fanm ansent kapab transmèt ti bebe Koronaviris la? Yo rapòte yon ka, nan peyi Angletè, kote yon ti bebe fèt ak tout maladi Koronaviris la. Men doktè yo poko an mezi pou konnen si nan vant manman oubyen pandan akouchman an li pran viris la.

15. Eske moun kapab pran Koronaviris nan bèt? Pou kounye a, lasyans poko pwouve si zannimo ta patisipe nan transmèt Koronaviris la.

16. Eske yon moun ki te fè Koronaviris kapab trape maladi sa ankò? An jeneral, lè yon moun te atrape yon viris, kò li konn devlope yon defans pou viris sa pa rantre ankò. Men nan ka Koronaviris la, yo jwenn nan peyi Japon yon moun ki tonbe anba maladi sa anko aprè li te deja fin geri.

17. Eske si yon moun fè Koronaviris l ap mouri? Posiblite pou yon moun mouri nan Koronaviris pa twò gwo. Sou chak 100 moun ki trape Koronaviris, yo resanse sèlman 1 pou rive 3 moun ki mouri.

18. Eske yon moun ki fè Koronaviris ta dwe wont epi kache sa pou lòt moun pa konnen? Yon moun ki santi sentòm Koronaviris epi kache sa, li mete pwòp vi l ak lavi anpil lòt moun an danje. Okontrè, li dwe chache fè tès la epi pran trètman si rezilta a pozitif. Li dwe mete moun nan antouraj li yo okouran pou yo kapab pwoteje tèt yo, pandan y ap sipòte l.

19. Poukisa gen anpil peyi ki kanpe tout aktivite yo? Se yon bon estrateji pou ralanti oubyen kanpe pwopagasyon maladi a. Koronaviris la pwopaje byen vit ant moun ak moun. Lè tout moun rete lakay yo, gen mwens rankont, kidonk, mwens posibilite pou moun ki gen viris la transmèt li bay lòt moun.

Lè gen anpil moun ki atrape Koronaviris la nan yon peyi, se yon gwo tèt chaje paske pa gen ase kabann lopital, ni doktè, ni materyèl pou trete tout moun sa yo yon sel kou.

20. Ki diferans ki genyen ant distans sosyal ak karantèn? Distans sosyal ak karantèn se de mwayen ki kapab anpeche Koronaviris la pwopaje. Distans sosyal vle di evite twòp fwòtman ak moun tout jan ou kapab. Tankou si ou ta dwe ale nan yon espas piblik, gade si ou ka pran yon distans 2 a 3 mèt ak tout moun ou rankontre yo. Karantèn se lè izole yon moun ki gen yon maladi Koronaviris la, nan yon kote apa pou li pran trètman epi pa enfekte lòt moun.

21. Poukisa Organisation Mondiale de la Santé (OMS) klase Koronaviris la nan kategori pandemi? Yo rele yon maladi pandemi lè l pwopaje nan plizyè peyi epi touche anpil moun an menm tan. OMS klase Koronaviris nan nivo pandemi paske yo gentan resanse plis pase 159 800 ka maladi (bilan AFP 16 mars 2019) nan 144 peyi.

Sa pa chanje anyen nan gravite maladi a dèske yo klase Koronaviris kòm pandemi. Men sa kapab pouse dirijan yo fè plis dilijans pou yo kwape maladi a.

Dènye fwa te genyen yon pandemi nan mond lan se te nan lane 2009, ak grip ‘’porcine’’ nan. Distans sosyal la se yon jès volontè, tandiske karantèn nan se yon lòd yon enpoze.

#Haiti #monde #Gouveneman #Chine #ONU #coronavirus #Sante #societe #Deces #OMS

Partenaires

Inscrivez vous à notre newsletter

  • 2
  • 3
  • 5
  • 8
  • 9

Enfo Sitwayen 2020