Article Économies Politiques

Tout sa nou dwe konnen sou etadijans

Prezidan Jovenel Moïse ak Premye minis Jean Henry Céant. Foto : Reuters

Nan tan nòmal, chak aksyon pou yon gouvènman fè dwe swiv tout prensip lalwa ak  administrasyon ki etabli. Lè sa, pwosedi yo kapab pran anpil tan. Men devan yon sitiyasyon ki menase peyi a tankou katastwòf natirèl, atak teworis oubyen kriz ekonomik, prezidan peyi a kapab dekrete etadijans pou pèmèt gouvèman an aji pi vit.

Etadijans se yon sitiyasyon espesyal kote prezidan ak gouvènman an gen plis pouvwa, pou mete kèk prensip lalwa sou kote epi limite libète sitwayen yo, yon fason kapab pwoteje lavi moun ak byen materyèl lè gen danje nan peyi a.

Kondisyon pou dekrete etadijans
Gen pwovizyon ki fèt pou etadijans an Ayiti nan yon lwa palman an te vote nan dat 9 septanm 2008 epi modifye nan dat 8 avril 2010. Lwa sa bay Prezidan repiblik lan pouvwa pou li dekrete etadijans lè yon katastwòf natirèl prèske rive oubyen nan peyi a.

Klike sou tèks koulè ble sa pou li ei telechaje lwa 2010 sou etadijans lan.

Daprè atik 5 lan, se nan ‘’Conseils des ministres lan’’ yo dwe pran desizyon pou deklare etadijans. Aprèsa, Prezidan repiblik la dwe pibliye yon arète sou sa nan jounal Le Moniteur. Arète sa dwe pote presizyon sou sikonstans ki oblije etadijans lan, zòn etadijans lan konsène, kantite tan etadijans la ap dire. Si prezidan an pa disponib, Premye minis lan kapab dekrete etadijans lan nan menm kondisyon yo.

Li posib pou prezidan an dekrete etadijans sou tout peyi a, oubyen nan yon pati nan peyi a. Men si katastwòf natirèl la frape sèlman yon zòn nan peyi a, Delege depatmantal zòn sa kapab dekrete etatdijans sou zòn nan.

Kòman etadijans lan aplike                                                                                                                                            Atik 7 nan lwa 2010 la bay yon lis tout aksyon gouvènman gen dwa fè pandan peryòd etadijans lan pami yo : retire lajan nan bijè a pou depanse nan lòt pwojè, sezi tèren prive pou monte kan pou sinistre, fòse sitwayen yo kite zòn katastwòf la pase a, fòse biznis ak enstitisyon fèmen pòt, mande kominote entènasyonal la pote èd, elatriye. Men sa ki plis espesyal nan etadijans lan, se paske gouvènman kapab depanse lajan nan kès Leta san respekte pwosedi administratif ki etabli yo oubyen san jistifye depans sa yo. Yon fason pou li kapab aji pi vit. Tankou, Gouvènman an kapab siyen kontra avèk yon konpayi san li pa lanse ‘’appel d’offre’’. Nan sans sa, move kote ki genyen nan etadijans lan se paske li kapab louvri pòt pou fè koripsyon ak gaspiyaj.

Pou rezon sa, atik 12 nan lwa di ‘’Cour des comptes’’ kapab mande Gouvènman an kont sou desizyon li te pran pandan etadijans lan. Anplis, Gouvènman an dwe remèt palman an yon rapò sou tout desizyon li te pran yo pou jere katastwòf la, nan yon delè twa mwa aprè etadijans lan leve  (atik 13).

Dire etadijans lan                                                                                                                                                              Etadijans lan kapab dire yon mwa pou plis tan. Lè tan sa ekspire, Prezidan repiblik la kapab renouvle etadijans lan pou yon lòt mwa ankò. Men si Prezidan an jije bon pou pwolonje etadijans lan ankò aprè 2 mwa sa yo, fòk palman an bay dizon pa li. Lè se Delege depatmantal ki deklare etadijans la, li dwe dire  sèlman 5 jou. Si tan sa pa sifi, li kapab renouvle etadijans lan avèk aval Leta santral.


Depi 2010, nou konte omwens 3 okazyon kote yo te dekrete etadijans an Ayiti:

Janvye 2010, prezidan René Preval te dekrete etadijans nan tout peyi a aprè ravaj goudougoudou a te fè. Nan mwa avril nan menm ane a, Senatè yo ta pral pran yon vòt pou pwolonje etadijans sa pou 18 mwa,  aprè Preval te finn pwolonje l yon 2èm fwa.

Oktòb 2012, prezidan Martelly te deklare etadijans sou tout peyi a aprè siklòn Sandy.

Jiyè 2017, 9 mwa aprè siklòn Matthew te pase, Prezidan Jovenel Moïse dekrete Etat d’urgence nan Gran Sid peyi a ak nan Nòdwès epi Etat d’urgence enviwônmantal sou tout peyi a.


Etadijans ekonomik ?                                                                                                                                                    Pafwa, nou konn tande gouvènman yo dekrete etadijans pou anviwônman, eta dijans pou enèji, etadijans pou ekonomi. Alaverite mo sa yo pa nan konstitisyon an, ni nan lwa 2010 sou etadijans lan. Men daprè sa nou aprann sou etadijans jeneral la, nou kapab konprann yon gouvènman dekrete etadijans pou ekonomi, lè gen yon gwo pwoblèm ki menase ekonomi peyi sa tankou : gwo defisi nan bidjè a, lavi chè k ap vale tèren, goud k ap pèdi valè.

Ekonomis Eddy Labossière fè konnen nan moman etadijans pou ekonomi an, Gouvènman gen dwa mete sou kote lwa finans yo tankou bidjè a, pou li pran kèk desizyon ki touche sekte prive ak tout sektè piblik. Yon fason pou li fè refòm nan ekonomi an. Ekonomis lan site kèk desizyon tankou : bese kèk taks, ogmante salè minimòm, koupe franchiz dwanyè, elimine kèk ministè…

Se pa sèlman nan bouch dirijan ayisyen mo etadijans nan ekonomi lan soti. Gen kèk lòt peyi nan mond lan ki anba gwo kriz ekonomik e dirijan yo oblije pran dispozisyon sa. An desanm 2018 prezidan fransè a Emmanuel Macron dekrete etadijans nan ekonomi an desanm 2018 akòz manifestasyon Gilets jaunes yo. Pi pre nou la, prezidan Venezuela a Nicolas Maduro te deja dekrete etadijans nan ekonomi an fevriye 2016 rezoud kriz ekonomik peyi a ap travèze akòz pri gaz la ki bese sou mache entènasyonal la.