Article Société

Men Kijan Lalwa di pou Lekòl Peye an Ayiti

©Loop Haiti

Depi mwa Dawout rive, anpil paran an Ayiti ap monte maswife pou reyisi voye timoun yo lekòl. Rezon an se non sèlman akòz lavi chè, men sitou pri lekòl yo ki monte chak ane. Pou atake pwoblèm sa, Palman Ayisyen an kreye yon zouti ki rele ‘’Loi sur les frais scolaires’’. 

Lwa sou Pri Lekòl 

Lwa sou pri lekòl yo se prensip Leta etabli sou fason lekòl prive dwe peye an Ayiti. Tèks sa te pibliye nan dat 3 mas 2017 nan Journal Le Moniteur. Li genyen 11 atik ki abòde kesyon pri lekòl, gradyasyon, leson patikilye, elatriye.

Fòmil pou Peye Lekòl

Toudabò, lwa sa fè obligasyon pou tout lekòl an Ayiti peye ak lajan peyi a, ki se goud.  Kidonk, Leta pa dakò pou okenn direksyon lekòl egzije paran yo peye ak dola ameriken.

Tèks la defini tou yon fòmil ki dwe aplike pou konnen kòman paran yo dwe peye lajan ane lekòl la.

  • 50 % lajan an nan rantre lekòl la
  • 25 % lajan an nan dezyèm trimès la
  • 25 % lajan an nan twazyèm trimès la. » Atik 2.

Nan sans sa, otorite ki fè lwa sa tou mete yon pinga pou direktè lekòl yo pa monte pri lekòl yo jan yo vle. Atik 4 lwa a presizye : « Si y ap monte pri lekòl, se sèlman chak kat (4) ane yo dwe fè sa. E menm lè sa a, ogmantasyon an pa ta sipoze depase 10 % pri ane ane pase a. »

Lajan pou Gradyasyon

Pou lekòl kindègatenn ki abitye reklame lajan pou seremoni gradiyasyon pou klas 3èm ane, Lwa a di sètase. Se elèv nan klas filo sèlman lekòl yo kapab pran inisyativ pou gradye. Menm la ankò, lekòl la pa dwe fè paran yo obligasyon pou peye pou gradiyasyon an.

Anplis, kotizasyon lekòl yo ap egzije pou gradiyasyon an pa dwe depase lajan de (2) mwa lekòl. 

Lajan pou Leson Patikilye

Èske yon pwofesè gen dwa bay elèv klas li yo leson patikilye pou lajan ? Lwa a pa entèdi pratik sa. Men li mande, nan sans sa, pou pwofesè yo jwenn konsantman paran elèv yo ak avi konseye pedagojik direksyon lekòl la.

Lajan pou Inifòm

Lòt sijè ki trete nan lwa sa se zafè pou paran achete twal inifòm nan direksyon lekòl yo. Si yon lekòl ap vann twal inifòm, sa se yon lòt bizinis li ye. Poutèt sa, lwa a mande pou fè yon patant nan DGI epi ranpli tout fòmalite ki nesesè konsènan enpo ak taks, menm jan ak tout biznis.

Plent ak Sanksyon

Lwa a mande pou Ministè Edikasyon Nasyonal kreye yon sèvis nan chak depatman kote elèv, paran, pwofesè,  oubyen nenpòt sitwayen kapab al pote plent si yo sibi abi.

Yon direktè lekòl ki ta vyole lwa sa a ap peye yon amann senkant mil (50, 000) goud nan DGI sou kont-an-bank MENFP. Paran, elèv ak pwofesè ki konplis dwe peye yon amand senk mill (5,000) goud.

 

Rechèch ak Redaksyon : Rony Celicourt