Article

Konprann Prensip Iminite Palmantè a An Ayiti

Senatè Antonio Cheramy (Don Kato) ak Senatè Gracia Delva nan yon seyans nan palman an.

Nan tout peyi nan mond lan fonksyon palmantè a sakre. Paske youn nan prensipal wòl palmantè yo se kontwole aksyon gouvènman an,  yo dwe jwi libète lapawòl, aksyon ak mouvman. Ni pouvwa anplas la, ni okenn patikilye pa ta dwe anpeche yo fè travay yo, sou okenn pretèks. Se pou rezon sa Depite ak Senatè yo kouvri anba Iminite Palmantè.

Kisa ki iminite palmantè a ?

Iminite palmantè se youn nan privilèj eksepsyonèl depite ak senatè yo benefisye. Objektif privilèj sa se pèmèt palmantè fè travay yo libelibè. Li garanti yo pwoteksyon kont tout presyon pouvwa politik ak pouvwa ekonomik kapab fè sou yo.

Prensip Iminite Palmantè a jwenn fondman li nan manman lwa peyi a. Atik 114 Konstitisyon 1987 la deklare :

 Pèsòn pa gen dwa touche yon manm kò lejislatif la depi jou yo prete sèman jiskaske manda yo fini.

Kijan iminite a pwoteje yon palmantè?

Iminite palmantè a genyen de (2) aspè ladan :

  • Premye aspè rele iresponsablite

Li kouvri tout aksyon yon palmantè fè nan kad manda li. Nou jwenn yon referans legal sou prensip sa nan atik 114-1 Konstitisyon 1987. Tèks sa defann yo fè pouswit osnon atake yon palmantè pou yon vòt li fè osnon opinyon li genyen. Sa vle di, yo pa gen dwa arete yon palmantè akòz yon pawòl li di nan seyans osnon nan komisyon, yon tèks lwa li ekri, yon lwa osnon yon amanndan li vote, yon ankèt l ap mennen.

Iminite sa pwoteje palmantè a pou tout lavi, menm si li pa manm palman an ankò. E palman an pa gen dwa leve iminite sa pou okenn rezon posib. Nan yon atik li ekri sou sijè sa, Mèt Monferrier Dorval – ki se yon espesyalis nan zafè konstitisyon – pote yon bemòl. Li fè konnen si yon palmantè ta pwononse yon pawòl deplase, palman an kapab sanksyone l daprè règleman ki anndan enstitisyon an.

  • Dezyèm aspè a rele envyolablite

Iminite sa pwoteje palmantè a pou aksyon li fè nan vi prive l. Li entèdi pou Lapolis arete oubyen pou Lajistis jije yon palmantè nan kad yon zafè kriminèl san otorizasyon palman. Prensip sa etabli nan atik 115 Konstitisyon 1987 la.

Men si yo ta kenbe men nan sak yon palmantè ki ap fè aksyon lalwa entèdi, li dwe jije tankou tout senp sitwayen. E nan ka sa li pap kapab kache dèyè iminite a.

Règleman Enteryè Sena pwononse l tou sou kesyon iminite palmantè a. Atik 27 tèks sa presize :

Pèsòn pa gen dwa fòse yon senatè temwanye devan lajistis oubyen sèvi kòm manm jiri nan yon pwosè.

Men iminite sa pa valab ankò lè manda palmantè a ekspire. Epi li kouvri sèlman palmantè an. Li pa pwoteje ni fanmi palmantè a, ni kèlkonk lòt sitwayen ki ta konplis palmantè a nan kad yon krim.

Sitiyasyon ki ka lakoz iminite yon palmantè leve

Iminite se pa yon chèk an blan non plis, sa vle di li pa bay palmantè a dwa pou fè sa li vle. Dayè, daprè atik 115 Konstitisyon an, gen posiblite pou palman an leve iminite yon manm ki annanfè avèk lajistis.

Nan sans, si yon jij ta dekouvri yon depite oubyen senatè enplike nan yon dosye kriminèl l ap ankete sou li, li dwe ekri prezidan chanm nan pou mande l mete palmantè sa a dispozisyon lajistis.

Pou reponn jij la, prezidan chanm nan ap kreye yon komisyon ki pou mennen ankèt pa l sou dosye a. Komisyon sa ap pwodwi yon rapò ki pra l di si repwòch lajistis fè palmantè fonde ou pa.  Answit, daprè rekòmandasyon komisyon an, asanble a kapab vote pou desolidarize ak palmantè sa. Sa vle di leve iminite l. Men li posib tou pou rapò komisyon an rekòmande asanble rejte akizayon an. Lè sa iminite palmantè a pap leve e li ap kapab kontinye egzèse fonksyon l tèt frèt.

Konsekans lè yo leve iminite yon palmantè          

Lè yo leve iminite yon palmantè, sa kapab anjandre gwo konsekans sou li. Si lajistis ta rive kondane palmantè sa pou zak yo akize l la, li pap kapab kontinye rès manda li ankò. Anplis, li pap gen dwa kandida nan lòt eleksyon. Se sa atik 113 Konstitisyon an fè nou konprann.

Jounal Le Nouvelliste raple nou de (2) okazyon kote kesyon leve iminite palmantè te poze nan palman an. An 2001, yon jij te mande Sena a leve iminite senatè Dany Toussaint paske li ta enplike ansasinay jounalis Jean Dominique. Men Sena a te rejte demand sa. Lòt ka a te rive an 2002 e li te kosènse depite Jocelyn St-Louis. Li te gen sou do l akizasyon lanmò Sernant Sevère ki te majistra vil Saint-Raphaël. Chanm depite te rive leve iminite kolèg la. Lajistis te jije l  e mete l nan prizon.

Recherche et redaction: Rony Célicourt

2 Commentaires

Cliquez ici pour poster un commentaire

  • men eske neg yo xwe craze palman an eake sepa malere kap peyel anko donkato di li anfave pep manti li ap defann pou vwal li bezion prezidan men map mande leta ayicien poul fede vwal sim teyon leta mwn men mwn patap depanse yon gourd pep la nan palman an anko le yo bezion reyini yo ta vale anba yon pye bwa prezidan jovenel vle travay pati lavalase la pa vle kitel fe anyen tout sal komanse yo bare l poul pafinil