Article Politiques

Ki Desizyon Cour Des Comptes Dwe Pran Aprè Rapò Petro Caribe a?

Sa pran anviwon 10 lane pou Cour Superieur des Comptes et du Contentieux Administratif (CSC/CA) reyisi pibliye rapò odit – an 2 pati – sou jesyon fon Petro Caribe a. Rapò a montre anpil ansyen responsab Leta te fè gaspiyaj ak koripsyon nan lajan sa. Men travay Cour des Comptes pa ta dwe rete la. Paske an prensip, enstitisyon sa gen responsablite pou li rann ‘’arrêt de débet’’ osnon « arrêt de quitus kont sitwayen sa yo ki t ap jere lajan Leta. Dekrè 25 Novanm 2005 sou fonksyonman Cour des Comptes eksplike kisa desizyon sa yo ye e kisa yo enplike.  

« Réddition des Comptes »

Tout sitwayen ki ap jere lajan Leta gen obligasyon pou rann kont sou jesyon yo fè ak lajan sa. Egzèsis sa rele ‘’Reddition des Comptes” e li dwe fèt chak ane. Li konsène fonksyonè ki nan bwat Leta, lameri, kasèk, asèk, òganizasyon prive, pati politik oubyen senp sitwayen ki benefisye sibvansyon Leta.

 Se Cour Superieur des Comptes et du Contentieux Administratif (CSC/CA) Konstitisyon 1987 la bay misyon pou kontwole jan lajan Leta ap depanse nan peyi a. Aprè li finn fè ankèt sou tout depans yon jesyonè lajan Leta te fè pandan manda li, Cour des Comptes kapab pran youn nan desizyon sa yo : swa li rann yon ‘’arrêt de débet’’ oubyen yon ‘’arrêt de quitus’’.

Arrêt de débet

Arrêt de débet a se desizyon Cour des Comptes pran kont yon jesyonè lajan Leta lè li konstate te gen malvèzasyon, detounman, vòl, zafè tizanmi nan lajan li t ap jere a. Arrêt débet a mete tout responsablite move zak sa yo sou do jesyonè a (Atik 19 Dekrè 25 Novanm 2005.)

Arrêt de débet gen 2 karakteristik

1. Si ankèt Cour des Comptes la montre move zak sa yo rive akòz jesyonè a te fè neglijans osnon lesègrennen ak lajan li t ap jere a, lè sa y ap egzije li remèt lajan ki manke oubyen gaspiye a. Pou sa, Cour des Comptes ap enfòme Ministè Finans sou desizyon sa pou li kapab reklame lajan pou remete  nan kès Leta.

2.  Men si Cour des Comptes konstate se pou pwòp enterè li jesyonè sa fè kout maltaye nan lajan Leta a, lè sa konsekans yo pi grav. Cour des Comptes dwe enfòme, san pran tan, tou 2 chanm Palman an, Ministè finans ak Sekretarya Palè nasyonal, Primati, sizonka ta se yon manm nan gouvènman sa konsène (Atik 20.1).

Anplis, Cour des Comptes dwe transmèt Arrêt de débet avèk tout dokiman nesesè bay Komisè Gouvènman ak Jij enstriksyon an pou yo lajistis kapab pouswiv epi jije sitwayen sa (Atik 20.2).

Arrêt de débet a fè jesyonè ki koupab la obligasyon pou li dedomaje Leta epi remèt lajan li detounen an. Ankonsekans, lajistis kapab fè bloke lajan li genyen labank epi poze sele sou tout byen li posede. Mete sou sa, ‘’arrêt de débet’’ a kapab egzije Dwayen tribinal al pran desizyon pou limite libète ‘’delenkan sa’’ pou yon tan, tankou entèdi li kite peyi a (Atik 21.)

Arrêt de débet a vle di tou sitwayen sa pa genyen dechaj. Li pap kapab kandida nan eleksyon. Li pap kapab nome kòm Minis ni okipe plizyè lòt pòs nan Leta ankò.

Lalwa bay yon delè 20 tan pou lajistis pouswiv yon sitwayen ki fè move zafè nan lajan Leta. Delè sa kòmanse konte apati de dat sitwayen a te kite fonksyon li osnon dat li te gen yon  pwoblèm ki te anpeche  yo fè pouswit kont li.

Men Cour des Comptes rekonèt sitwayen an gen dwa pou li pwoteste kont desizyon ki pran kont li an. Pou sa, li dwe fè demach administrativ bò kote enstitisyon an. E si li pa satisfè toujou, li gen dwa pou fè rekou nan yon pi wo nivo, nan Cour de Cassation (Atik 26).

Arrêt de quitus

Cour des Comptes bay Arrêt de quitus lè li konstate fason jesyonè a te depanse lajan Leta a korèk, san fwod ni koripsyon (Atik 18). Desizyon sa libere jesyonè sa anba tout responsablite li te genyen parapò ak lajan sa li t ap jere a. Nan ka sa, sitwayen sa ap resevwa yon sètifika dechaj ki ba li dwa pou li sèvi kòm jesyonè lajan Leta ankò, oubyen kandida nan eleksyon, eletariye.

Lòt Presizyon

Cour des Comptes pa gen konpetans bay Minis ak Premye Minis dechaj. Se Palman an Konstitisyon an bay otorite pou kontwole jesyon Minis yo ap fè ak lajan Leta (Atik 233 Konstitisyon 1987). Pou fè travay sa, Palman an dwe fòme yon komisyon avèk 15 manm – 9 depite ak 6 senatè – pou mennen ankèt sou fason Minis yo depanse lajan Leta pandan nan te nan fonksyon yo.

Jan Cour des Comptes fè sa, si Palman an dekouvri nan ankèt li yon Minis te mal depanse lajan Leta, lè sa li dwe rann yon arrêt de débet kont Minis sa. Nan ka kontrè a, si ankèt la montre Minis lan te fè yon bon  jesyon ak lajan Leta, lè sa Palman an merite ba li yon arrêt de quitus. Sa vle di Minis sa gen dechaj.

Menm jan ak lòt fonksyonè yo, lè yon Minis pa gen dechaj, li pap kapab nome kòm Minis ankò ni kandida nan eleksyon.

Prezidan Repiblik la li menm pa bezwen dechaj. Paske daprè Konstitisyon an, yon Prezidan pa yon jesyonè lajan Leta.

 

Recherche et Rédaction : Rony Célicourt