Article Politiques Société

Èske Vote nan Eleksyon dwe Obligatwa an Ayiti?

Gen konsta ki montre anpil sitwayen nan mond lan manke angouman pou zafè vote nan eleksyon. Sitiyasyon sa poze yon gwo pwoblèm paske si sitwayen yo pa patisipe nan chwazi e kontwole dirijan yo, demokrasi a pap kapab byen fonksyone. Se pou sa, Leta kèk peyi deside fè vòt, ki te yon dwa politik, tounen yon obligasyon sivik. 

Obligasyon 

Prensip vòt obligatwa a egziste nan plizyè peyi depi byen lontan. Peyi Bèljik pran desizyon sa depi 1893. Ostrali adopte mezi sa nan lande 1924. Brezil pran menm wout la nan lane 1932. Lis la genyen tou ladan l: Lagrès, Danmak, Meksik, Ekwatè, Paragwe, Panama, Bolivi, Ajantin, Kostarika, Repiblik dominikèn, elatriye.

Gen plizyè rezon ki jistifye desizyon sa, tankou:  

  • Ogmante kantite sitwayen ki al vote 
  • Pouse sitwayen angaje yo nan politik epi enterese nan zafè Leta 
  • Ranfòse lejitimite dirijan k ap soti nan eleksyon yo

Sanksyon

Prensip vòt obligatwa a mache ak sanksyon. Lalwa pini sitwayen ki pa pran wout biwo vòt lè gen eleksyon, sofsi yo gen yon anpèchman. Nan Peyi Bèljik pa egzanp, yon sitwayen ki pa al vote pou premye fwa, san jistifikasyon, dwe peye yon amand soti 40 pou rive 80 Euro [3 mil pou rive 7 mil goud]. Amand sa a ka double si sitwayen sa rekòmanse. 

Lòt egzanp, nan peyi Brezil, si yon sitwayen pa vote nan 3 eleksyon youn apre lòt, lap pèdi kat elektoral li. Kòm konsekans, sa kapab anpeche li fè paspò, jwenn lajan nan men Leta osinon kredi nan bank leta. 

Rezilta 

Desizyon pou Leta fòse sitwayen yo vote gen gwo enpak tout bon vre sou kantite elektè ki patisipe nan jou vòt yo. Nan peyi Ostrali, te gen plis pase 93 % elektè ki tal vote nan eleksyon pou chwazi palmantè nan lane 2013

Ka Ayiti 

Ni Konstitisyon, ni okenn lwa nan peyi Dayiti pa fòse sitwayen yo al vote. Kidonk, yon sitwayen ale si lide l di l. 

Dènye fwa sitwayen Ayisyen te prezante anmas nan biwo vòt se te nan eleksyon 16 septanm 1990. Dat sa, patisipasyon an te prèske rive 60%, sa vle di, sou chak 10 Ayisyen gen 6 ki enskri nan lis elekstoral la ki te al vote. Depi lè sa,  pi fò eleksyon ann Ayiti prèske pa gen anpil elektè. Eleksyon pou pre 2010 yo ki te mobilize sèlman 22,87% elektè. Se menm jan an tou pou eleksyon 2017 yo kote chif sa te desann nan 21%. 

Daprè kèk obsèvatè, rezon ki lakòz patisipasyon nan eleksyon yo piti anpil se paske sitwayen yo pa gen konfyans nan politisyen ak fason politik fèt nan peyi a. Boude eleksyon se ta youn nan mwayen, daprè yo, pou montre dezakò yo ak fason politik ap fèt ann Ayiti. 

Rechèch ak redaksyon :Emmanuel Pucot Paul