Article Santé Société

5 Move Lide Kèk Moun Genyen sou Kowonaviris an Ayiti

Pwofesyonèl lasante ap kontwole tanperati pasajè nan ayewopò Potoprens lan pou verifye si yo gen lafyèv, ki se yon sentôm Kowonaviris. Sous foto a: Miami Herald
Pwofesyonèl lasante ap kontwole tanperati pasajè nan ayewopò Potoprens lan pou verifye si yo gen lafyèv, ki se yon sentôm Kowonaviris. Sous foto a: Miami Herald

Gras ak entènèt, anpil gen nouvèl sou kòman epidemi kowonaviris ap evolye nan mond ak konsèy pou pwoteje tèt yo. Men anpil fo enfòmasyon ap sikile tou sou maladi sa; sa ki riske mete lavi moun an danje.  Nou pale ak kèk espesyalis ki pote limyè pou nou sou senk (5) mit ki ap pwopaje sou maladi Kowonaviris la.

Mit #1: Kowonaviris pa reziste nan peyi ki fè cho.

Reyalite: Aktyèlman la, epidemi Kowonaviris gentan touche 176 peyi nan mond la ki gen tout kalte tanperati. Dayè, Kanada gen anviwon 4 mil ka Kowonaviris, alòske li se yon peyi ki gen plis fredi pase Etazini ki resanse 100 mil ka (bilan 27 Mas). 

Òganizasyon Mondyal sou Lasante (OMS) eksplike se pa sèten klima ta jwe yon gwo wòl nan pwopagasyon viris la. Se vre espesyalis ki ap etidye viris la anndan laboratwa itilize gwo chalè ki rive 65 degre pou sterilize materyèl yo. Men li pa konseye pou moun ta al ekspoze kò yo oubyen gòj yo nan yon chalè konsa, paske l ap boule yo. Pi bon mwayen pou limite pwopagasyon Kowonaviris sa se lave men yo souvan epi evite fwote twòp ak moun. 

Mit #2: Jèn moun pa pran nan Kowonaviris.

Reyalite: Lè yo konte kantite ki moun ki pran Kowonaviris, yo dekouvri maladi sa frape moun tout kalte laj, timoun tankou granmoun. Mwatye nan moun ki trape viris la nan vil New-York se moun ki nan laj 45 lane. Sou chak 10 moun ki enfekte nan Quebec, plis pase 3 ladan yo gen mwens pase laj 40 lane. Doktè Jacques Clerville, yon espesyalis nan epidemi, fè remak sa: nan 8 ka Kowonaviris yo MSPP deja anrejistre an Ayiti, se yon sèl moun ki gen plis pase 60 lane. Epi li se yon etranje. Malad ki plis jèn nan gen mwens pase 19 lane. 

Men se vre, espesyalis yo admèt granmoun yo pran pi gwo frap anba Kowonaviris la. Poukisa? Paske sistèm defans kò granmoun sa yo pi fèb, sitou lè yo soufri kèk maladi tankou tansyon, maladi kè elt. Kidonk, si yon jèn soufri maladi sa yo epi li trape Kowonaviris, sa ka fatal pou li tou. Anplis, puiske nenpòt moun ki gen Kowonaviris kapab kontamine lòt moun. Pou rezon sa, jèn moun yo dwe pwoteje tèt yo pou yo pa mete moun nan antouraj yo an danje. 

Mit #3: Moun nwa gen plis rezistans devan Kowonaviris pase moun blan yo. 

Reyalite: Nan kòmansman epidemi Kowonaviris la, espesyalis yo te remake pa gen anpil ka sou kontinan Lafrik. E sila yo ki te trape viris la te geri byen rapid. Sa te fè kwè moun nwa yo pi rezistan pase blan yo paske po yo gen plis melanin. 

Men jiskaprezan, lasyans pa apiye lide sa. Ni ras, ni koulè po yo moun ki fè Kowonaviris pa jwe okenn woòl nan gerizon an.  Se sa yon espsyalis ki nan yon laboratwa nan yon peyi an Afrik eksplike. Moun nwa yo pa gen plis eleman nan koò yo pase moun po blanch yo ki pou defann yo kont Kowonaviris la. 

Maladi Kowonaviris pa konn koulè po, ni ras. Koutwazi foto: Visuals sou sit Unsplash
Maladi Kowonaviris pa konn koulè po, ni ras. Koutwazi foto: Visuals sou sit Unsplash

Mit #4: Bwè kleren kapab anpeche yon moun trape viris la

Reyalite: Sophonie Ivenie Jillot, yon doktè jeneralis, demanti enfomasyon sa. Li eksplike alkòl la se yon danje paske li frajilize sistèm defans kò a. Sa vle di, moun ki bwè kleren pa pwoteje devan Kowonaviris la. 

Doktè Jillot di li t ap pridan pou yon moun ta evite bwè kleren nan moman epidemi sa. Li konseye pito pou moun yo pran plis vitamin, sitou vitamin C pou ranfòse sistèm yo. Nou jwenn vitamin C nan sitwon, zoranj, chadèk.

Kowonaviris bay lafyèv ki kapab lakoz malad la dezitrate paske kò l ap cho, epi l ap swe. Pou rezon sa, doktè Clerville ankouraje pou malad yo bwè anpil dlo pou reyidrate kò yo. Sa kapab pèmèt yo geri pi rapid. 

Mit #5: Engredyan tankou lay, sitwon, te jenjanm, elt. kapab geri Kowonaviris

Reyalite: Nòmalman engredyan sa yo gen bon efè sou sante moun. Men Doktè Clerville konfime pwodui sa yo pa kapab anpeche yon moun trape maladi kowonaviris la. 

Si sistèm defans kò yon moun fò, maladi a gen chans pou l fè mwens dega sou li.  Doktè Clerville eksplike tou, si yon moun ki gen grip bwe ji ki gen vitamin C, li kapab geri pi rapid.

Jiskaprezan poko vaksen pou konbat viris sa men anpil rechèch kontinye ap fèt pou pote yon rezilta pi vit posib. Etandone viris la bay moun ki enfekte a fyev, tous, ak pwoblem respiratwa, medsen yo deside bay malad lan medikaman ki bon pou sentom sa yo pou soulaje l. 

Pi bon mwayen pou fè prevansyon kont Kowonaviris se lave men yo souvan.  Evite manyen bouch, nen, je ak zorèy yo tou. Anplis, pran plis distans ak lòt moun. 

Rechèch ak redaksyon: Martyna  Dessources